Zonbi nan lekòl ann Ayiti




Yon ti zye fikse sou tijèn yo ki pral lekòl an Ayiti. Sa fè n panse !
Mwen raple m lè pwofesè te konn ap fè m vomi leson ba l tankou rat, san m pa t konn sa m t ap repete yo. Lang lan bèl nan bouch tinèg, men podyab, se fòse y ap fòse l fè de bagay alafwa : 1) aprann yon lang etranje, epi 2) tou aprann nan menm lang sa ou pa menm ko konprann lan. Sitiyasyon sa a mwen wè l kounya tankou yon moun yo  mare de je l epi yo ba l yon flach pou ki swadizan gide l.
Lè w ap resite leson devan mèt la menm, se bèl bagay nèt, lè w ap bay kout "ze swi", epi lè lekòl lage, fanmi w kòmanse ap pale boul kreyòl ansanm avèw, "ze swi" fè yon bò, sèvèl la gaye.
Twa paj mo twò piti pou w aprann pa kè. Mande w sa w sot aprann aprè twa (3)è ou fin resite, bwèt ! Anyen w pa sonje.
Mwen raple m tou, lè y ap bay kanè, tout dan w deyò, lè w wè w pase. 
Ou kouri al kot manmi, papi, fè yo wè yo pa t peye lekòl la anven.
Yon (1) lanne pase, ti frè w la, ou byen ti sè w la kole nan yon bagay, li pote ba w gade pou li. Moman sa si w te pot linèt, ou ta ka fè sanblan se wè w pa wè. Malerezman pou ou, erezman pou manmi w ak papi w k ap gade w ki pral montre ti frè w, ti sè w leson. Ou bege pa fòs, sèl mo ki vin nan lespri w : hm ! Ou konnen m pase bagay sa yo lontan, m pa sonje yo.
Ou kwè sa vre ?
Èske se pa pito aprann yo t aprann nou pou n bliye ? Bat pa kè, se la rezilta ak siksè a ye, se sa yo te aprann ou.
Ou vin pa ka konprann.
Èske se vre ? Oubyen se yon blòf pou kokobe sèvo tinèg ?
Ameriken aprann nan lang manman l ak papa l, li kreye avyon, li kreye bato.
Chinwa a tou, li aprann nan lang manman ak papa l, li fabrike telefòn.

Kisa ki koz nou nan eta sa a ?
Ann reflechi byen !
Anfen, mwen pa p janm bliye abi sa yo y ap kontinye ap fè tijèn lakay.



Daprè ou menm ki sot li tèks sa a, ki solisyon ou panse ki t ap ka met fen ak abi sa ?
Repons ou konte anpil pou nou.

Pa bliye pataje l, fèl rive jwenn plis moun toujou.
Pa kenbe l pou kò w !

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?