Tout moun ki itilize entènèt ap mouri ? Avantaj ak enkonvenyan ki genyen ak devlopman teknoloji a. Rezon ak koz.



Lontan lontan, teknoloji an pa t vanse konsa, men te gen plis plezi natirèl.

Kisa m vle di menm ?

Si n ap gade nan syèk n ap viv la, nou kapab remake sa byen, televizyon, entènèt, jwèt vityèl, ranplase tout plezi ki te genyen yo, epi ki te konn fè moun byen. Majorite ti Jèn pase plis tan yo sou entènèt, telefòn nan men plis pase 24è. Vin rive nan yon pwen ezajere, kote moun konpare entènèt, telefòn entèlijan tankou yon dwòg. Bagay moun pa ka viv san yo. 
Sa ki pwovoke lakay yo anpil efè negatif.
Pami efè negatif yo, nou kapab site kèk nan yo :

1) Elwanyeman de reyalite lavi an
2) Maladi nan zye
3) Pèdi apeti
4) Aprann move bagay

Pandan n ap pale de sa, enpak yo fè nan mond la ekstraòdinè. Malgre efè negatif telefòn entèlijan ak entènèt, sa pa anpeche n pale byen de yo. Jounen jodi a, bagay moun lontan te konn pran mwa pou reyalize, fèt nan kèk minit. Tout sa yo, se pou m di nou, entènèt ak telefòn entèlijan, televizyon, jwèt vityèl itil, men sa pral depann nan ki kondisyon yo itilize.

Pami kondisyon, entènèt, telefòn entèlijan, televizyon, jwèt vityèl, yo ka itil se nan aprantisaj ki bon pou sosyete a.
Sou entènèt moun aprann anpil bagay, pa egzanp, moun fè rechèch, telechaje liv, gad videyo ki pou ede yo. Anplis, moun kapab itilize telefòn entèlijan, entènèt pou pi rapid epi byen. Tout sa yo ka fèt gras ak telefòn entèlijan, oubyen òdinatè. 
Konsa tou, televizyon ak jwèt vityèl, retire anpil strès lakay moun. Li pèmèt ou relakse w epi detann ou ak kontni ki itil epi ki konstriktif.

Pi gwo danje yo rezime nan nonb de tan moun pase sou yo, epi moman pou itilize yo, pa egzanp : evite lè w ap manje ou byen pale avèk yon moun pou kenbe telefòn nan men w, sou entènèt. Sa ki t ap pi senp, pi efikas la se itilize yo ak moderasyon. Itilizatè yo dwe mèt, yo pa dwe kite eksitasyon pote yo ale.





Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?