Kisa k fè pa gen moun ki gen yon panse pou kont li ? Swit Orijinalite


(Swit Orijinalite...)

Panse se yon aktivite lespri, yon ekip demach lespri yon moun fè sou yon bagay. Fòk nou pa bliye se lespri a ki fè operasyon entèlijans la. Imajinasyon ak refleksyon se de egzanp nou pran de panse. Epi operasyon entèlijans la fèt nan yon dimansyon ki pi wo toujou, paske li fèt kay yon gwoup moun, e se la nou ka rele l "fason panse".


 Èske chak moun gen yon grenn panse ?   

Mwen te vle kwè chak moun gen yon grenn panse. Men, rechèch ak refleksyon mwen fè sou sa, pral fè m konprann nou tout gen menm panse depi nou gen menm kilti.

 Kitem montre w !

 Se nan kilti nou, tout objektif nou sòti.
Yon moun ki fèt nan yon zòn rekile, n ap pran egzanp kèk ras nan forè amazoni an, ki toujou ap viv tankou nan ansyen tan, kote moun sa yo poko konn  teknoloji, se toujou nan gwòt y ap dòmi. Yon moun ki pami yo pa ka gen objektif pou l gen yon bildig ki gen yon asansè ladan l. 
Non, paske bildig sa pa nan kiltil, ni asansè a non plis.
W ap sezi wè objektif moun sa a, se jwenn yon pi bèl gwòt, kote gen yon rivyè tou pre l, gen anpil pye bwa ki bay bon frechè pou l byen domi si se yon moun nan nati l renmen konfòtabilite - sa ki bon pou li . Gen anpil lòt objektif nou te ka pran toujou, men toujou se kilti w ki fikse yo.
Nou gen anpil egzanp nou te ka ba w, pou n al pi rapid nou ret ak sa.

Si n ap konsidere demach panse chak moun ki nan kilti a. Chak jou, nou pa wè moun yo fè menm bagay, ni yo pa di menm bagay.
Èske nou ka di panse yo menm  ? 

Dezi yon moun paka menm ak yon lòt, menmsi yo nan menm kilti. Paske jodi a mwen gen dwa anvi mache, ou menm ou anvi domi, li anvi danse, lòt yo anvi rete trankil. Mwayen y ap itilize pou yo konble dezi sa yo, se nòmal yo p ap menm nan menm tan.
 Men yo fè apèl ak menm panse dezi yo ta chanje. Pou nou pi klè, si yo chak ta pran dezi yon lòt te genyen nan yon tan ak yon lòt, n ap wè se demach lòt la te itilize a l ap itilize pou l satisfè nouvo dezi sa, paske se kilti a ki fikse mwayen pou nou satifè dezi yo.
Egzanp _" m se Fransè si m anvi danse, w ap wè m ap danse yon rit ki nan kilti fransè a, menmsi ou anvi kwit yon manje, w ap fè manje a nan fason fransè yo konn fè l. Nan yon lòt sans ki diferan. Lè m deside fè manje a, w ap wè mwen fè l menm jan avèw, e si w anvi danse, ou pral fè menm jan avè m, paske se menm rit sa ki nan panse nou "._

Si nou ale pi wo nan refleksyon nou, n ap wè lalwa ak kwayans nou yo,  jwe yon gwo wòl pou ban nou yon sèl panse.

Jan nou eksplike w deja, kwayans nou Jodi a sòti nan kilti nou. N ap montre w lalwa ak kwayans spirityèl se de  bagay ki makonnen ansanm, pou ban nou panse ki genyen anndan kilti a.
Lalwa se prensip yo mete pou jere sosyete a. Kwayans spirityèl nou yo se jan nou te esplike deja a li vini . 
Pou nou eksplike w lyen ki genyen ant de bagay sa yo ki reflete panse n yo, ann pran sa kòm egzanp, anvan sa nou konnen liv sakre yo se mwayen yo itilize pou yo transmèt kilti yo. 
 _" wap wè nan Koran an yo pa entèdi pèn lanmò, sa pra l pèmèt nan pifò peyi mizilman yo, sitou sa k pa aksepte okenn sivilizasyon oksidantal la, nan lwa yo, pèn lanmò pa entèdi"._ 
_"Lòt egzanp, labib, w ap wè yo pa entèdi  kategorikman pou lidè relijye yo pa eksplwate fidèl yo.  Se sa k fè anpil pastè rich e anpil fidèl nan mizè. Epi konstisyon peyi oksidantal yo pa di anyen sou sa"._ 

 Sosyete yo gen anpil prensip ladan yo, pa vre ?
Chak fwa ou di, oubyen ou fè yon bagay  ki pa nan kilti w, w ap wè y ap jije w, y ap kondane w, yo ka menm jete w.  Se paske veritab jij yo, se lalwa ak kwayans spirityèl. 
Anplis, lè w fè erè sa, yo p ap jije w pou aksyon an sèlman, men yo jije w pou panse w tou. Paske se panse ki mennen aksyon, se sa k fè gen kèk relijyon ki kwè nou peche nonsèlman pa aksyon men pa panse tou. Se paske lalwa se ak prèv li mache ki fè li pa jije pou panse w.

 _Si nou di tout moun ki gen menm kilti gen menm panse, poukisa yon moun oblije fè yon bagay ki kontrè ak lalwa ak kilti l ?_ 

Jan nou konnen l deja, kilti sou latè yo anpil.  Lòm nou konnen se yon kreyati ki pa janm satisfè e ki renmen konnen anpil. Yo toujou ap chache lòt bagay. E nou konnen yon bagay li wè twòp, li tande anpil, rapid, li Kòmanse ap anrejistre l nan panse l e li tou kòmanse aplike l.  Se sa k fè nan melanje kilti sa yo, w ap wè vin gen sa nou rele "akiltirasyon" an. E se lè w kòmanse ap pran lòt bagay nan lòt kilti pou w  aplike,  se lè sa ou pral jwenn ou nan opozisyon ak kilti pa w, ak lalwa peyi w. 


Jounen Jodi a, nou ka wè panse nou yo diferan anpil. Se pa lòt bagay, se paske evolisyon teknoloji fè nou kapab konekte youn ak lòt, Kèlkeswa kilti w,  kèlkeswa nan peyi ou ye a. Anplis, kilti yo gen fondasyon yo nan panse moun ki te la anvan nou yo. Sa pral fè pa kilti ou plis pwòch lan, ou plis enfliyanse pa li. 
Men pa bliye, tout moun ki gen yon sèl kilti, san aksepte lòt, toujou gen yon sèl mòd panse.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?