ANPRIZONNMAN MANTAL






ANPRIZONNMAN MANTAL

Èske sa pa janm rive w : yon jou ou fenmen pòt chanm ou, epi lè w gade ou te kite kle a anndan ? Oswa nan fè prese ou fenmen pòt machin ou epi lè w byen gade ou wè kle a nan machin nan ?
Se kèk sitiyasyon ki ka fè w  jennen oswa menm nève, pa vre ? (pa mande si w te gen yon bagay enpòtan ou te tou bliye anndan).
Se vre sa ap pran tan, men nòmalman, se yon pwoblèm ki ka rezoud byen fasil.
Men èske w janm reflechi kilè sa konn plis rive ?

      Byen souvan, se lè yon moun prese anpil, oswa lè l anreta, sitiyasyon sa yo plis prezante.

Jounen jodi a, anpil moun twouve li bon pou yo mete sa yo genyen ki gen valè nan yon kòf oswa yon bwat pou yo pwoteje yo epi gen kontwòl yo. Toupatou nan monn lan, moun yo sanble met kòd sou sa yo posede, kèlkeseswa sou telefòn, òdinatè, machin yo, elatriye. Bank yo chèche gen sistèm sekirite ki pi sofistike yo pou pwoteje byen (lajan) kliyan yo. 
Nou fè jefò sa yo, nonsèlman pou n pwoteje sa n genyen, men tou pou lòt moun pa vòlò yo.
Menm jan nou konn sa, se pa tout sa yon moun genyen li ka fenmen l yon kote (kèlkeswa jan l ta gen valè), pa egzanp: kèk medikaman.

Nou konnen sèvò n se yon ògàn nan kò n ki enpòtan anpil anpil, se li ki reprezante n nèt (tout sa nou ye, eksperyans nou fè...), se li ki responsab mouvman nou fè, ki pèmèt nou admire toutotou nou, men tou, se li ki pèmèt nou rezone, reflechi, sonje, aprann anpil anpil bagay san rete. 
Li klè, san li nou pa t ap ka viv.
Malgre anpil etid ki fèt sou sèvò a, nou poko konn tout sekrè li gen ladan. Plis syantifik yo ap etidye ògàn sila a, se plis yo wè jan l konplèks, epi jan l fè lòm distenge tèt li sou tout lòt kreyati vivan yo.

Anpil fwa, yo lye entèlijans yon moun ak sèvò l, anfèt se la nou reflechi, nou konprann.
         
Èske l pa tap bon pou n pwoteje ògàn sa a ki gen tout valè sa yo?

Byenke sa gen lontan, sivilizasyon met fen ak esklavaj moun, men jounen jodi a, chak ane gen plizyè milyon moun ki anchene, oswa anprizonnen nan mantal yo. 

   Èske w ta renmen yo di w ou anchene nan mantal ou ? Se sèten, ou pa vle sa !
Men, kisa reyalite yo montre ?

Èske w tap bwè yon medikaman ki pou fè w soufri nan tèt ou ? Non ! Ditou pa !

Tout moun ta byen renmen viv san pwoblèm, san soufrans, san tètchaje, men malerezman san n pa rann nou kont, nou k ap fè tèt nou ditò.

     Kijan n ka evite fè sa?

Li klè, nan atik sa a nou p ap ka pale sou tout fason ki egziste yo, men n ap konsantre n sèlman sou youn, li se zam ki pi pisan pou chanje monn lan (Edikasyon).

Menm jan li klè nou manje pou n ret anvi, se konsa tou nou nouri lespri n ak plizyè bagay pou l ka itil nou plis toujou nan plizyè domèn.
Men, menmjan li klè lè n manje bagay ki pa bon pou nou, sa fè n malad, se konsa tou, lè n pa byen byen kontwole kisa n ap kite antre nan lespri n, nou ka vin malad grav tou.
Pa janm bliye sa, menmjan lè w fin vale yon manje, ou pa gen kontwòl sou li ankò, se konsa tou, sa nou kite antre nan lespri n yo, nou pap gen kontwòl sou yo ankò.
Nenpòt kilè, yon bagay ou te gade, li, etidye, oubyen tande, ka gen gwo efè sou fason w wè bagay yo, lavi w, oswa menm sou desizyon w ap pran. Se pa pou san rezon, medya yo ak chèn piblisite yo jwenn anpil rezilta konsa. 
Politisyen yo jwe anpil sou sa, san konte relijyon, ki gen gwo efè sou panse moun. Konsa lè w panse se ou k ap reflechi, poutan se refleksyon yon lòt moun wap fè, paske li klè, si sa ou itilize pou w rezone a te deja seleksyone pou ou (byen souvan avèk patipri, pa totalman). 
Kòman pou w ta vle pou sa w panse a se panse pa w.

Menm jan ak yon aparèy elektwonik ou ta ka genyen, èske l pa t ap enpòtan pou w ekipe lespri w ak yon sistèm defans pou w pwoteje l ?

Plis ou edike, se plis ou ranfòse lespri w. 
Sèl fason pou w fòje lespri w, se lè w etidye, ou aprann tout pandan wap veye sou sa w ap kite antre nan lespri w.

Pwoblèm lang lan   

Nan monn modèn nou ap viv la, plis yon moun ka aprann lòt lang l ap nan avantaj li, men kisa n dwe di anrapò ak lang n ap fòme lespri nou an depi lè  nou tou piti.
Anpil kote sou tè a, gen anpil moun ki aprann nan lòt lang ki pa lang manman yo, men sa lakòz :

•Anpil nan yo, pa byen konprann sa y ap aprann lan ;

•Plis echèk nan domèn lekòl ;

•Plis moun ki pa kalifye ;

Franchman ! Kijan w tap santi w si y ap fòse w byen aprann nan yon lang ou pa konprann ditou, san yo pa t prepare w pou sa ?

Se nan yon sitiyasyon konsa anpil paran met pitit yo depi premye jou lekòl la, oswa pito nou di pifò sistèm edikasyon ki egziste. Èske se pa yon  soufrans pou sèvò a ?
Nan pifò ka, lang manman an vin tounen yon lang pou eksplike oswa yon lang apui men yo pa sèvi avèk li lekòl, epitou, menm liv yo ekri nan yon lang etranjè.

Nan peyi DAyiti, daprè konstitisyon 1987 la, se de (2) lang ki ofisyèl fransè ak kreyòl ayisyen an.

Lang fransè a se lang pou ansèyman an Ayiti, men majorite nan anseyan yo pa byen metrize lang sa a, oswa yo gen yon nivo ki ba ladan l, sa lakòz kalite edikasyon sa a pa bon. 

Èske sa te rive w deja pandan pwofesè ap eksplike yon kou an fransè, ou pa konprann men kou l eksplike l nan lang manman w ou konprann ?

Se sa k fè EDIKANÈT ap milite pou yo itilize lang kreyòl ayisyen an nan tout nivo nan ansèyman, menm jan sa fèt nan anpil lòt peyi (Comores,Madagascar, elatriye ...) yon fason pou tout  moun (ayisyen yo spesyalman) byen konprann lang yo a, pou l anrichi sèvo yo plis, men tou pou yo byen konprann ansèyman y ap jwenn yo.

Konsa lè n evite soufrans pou lespri n, nou sot kòn nan anprizònman mantal la, paske si w pa konprann ansèyman w jwenn nan, ebyen zam sa a ki se Edikasyon, ap tounen kont ou, sou tout yon peyi.



Pi byen konprann :

Byenke gen anpil lwa sou sa, gen kèk peyi sou kontinan afriken an, yo te remake pratik sa a, sa pa gen twò lontan.
Li parèt sou yon lòt fòm tou, lè nan yon antrepriz y ap fè timoun piti fè yon travay, alòske yo pa gen laj pou sa, oswa yo maltrete yo oubyen malboule ak yo. 
Isit la, li fè referans ak ansèyman legliz ki pa fòseman sòti nan ekriti sakre yo.

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Pou kisa nou menm Etidyan, elèv Ayisyen about ak Peyi a (Ankèt EDIKANET)

Ensekerite, Depresyon : Yon gwo batay Ann Ayiti

SÈMAN BWAKAYIMAN AN FIKSYON OSWA REYALITE ?