Articles

Affichage des articles du 2022

Entèvansyon fòs lame peyi Etranje - kite move gou nan bouch pèp Ayisyen

Image
Apre endepandans nou nan lane 1804, peyi Dayiti konnen plizyè okipasyon ak entèvansyon nan listwa li. Entèvansyon 1915, 1994, 2004 yo , te gen gwo konsekans sou pèp la, bagay pèp Ayisyen an pa p sa bliye. Akoz sitiyasyon malouk ki gen dènye jou yo, jounen jodi a gen anpil pale sou dosye pou ta gen yon lòt entèvansyon militè nan peyi a. Depi nan lanne 1805, lanperè Dessalines ta pral mete sou pye yon konstitisyon pou asire bon fonksyonnman  nouvo peyi endepandan an (Ayiti). Bagay ki kapte atansyon nou andedan konstitisyon sila, se atik ki genyen ladan l pou defann peyi a, epi mete lespri patriyotis ak nasyonalis lakay ayisyen.Ladan  l nou wè : yo te entèdi pou etranje rantre vin fè sa yo vle nan peyi a, pou yo pa achte tè jan yo vle, pou pa vin rekolonize nou. Se sa k pral pouse zansèt nou yo tou  konstui plizyè fò pou defann peyi a apre endepandans lan. Sitadèl Laferyè se youn nan pakèt egzanp nou ta ka pran. Malgre jefò sa yo, gen yon dal evènman ki rive mennen blan vin fè entèvansyon

Kriz Enèji - Gwo tèt chaje sa pote !

Image
                                                      Depi lè yo te kòmanse itilize gaz ak petwòl, monn nan konnen 3 gwo kriz akoz rate pwodui sa yo sou mache a. Jounen jodi a, yon lòt fwa ankò monn nan retounen nan yon epòk konsa.           Depi plizyè jou, youn nan bagay nou wè k ap pale anpil, se koze enèji a.  Nou ka tande pa gen ase gaz, pri pwodui petwòl yo k ap monte disèt wotè. Sa fè gen anpil peyi toupatou nan monn nan k ap kouri adwat agoch kou chen fou pou yo ka genyen yon bon kantite nan pwodui sa yo men tou, pou yo jwenn yo nan pi bon pri ak nan pi bon kalite. Nan sitiyasyon sa a, ta sanble pa gen peyi ki alabri ; menm pa bò isit lakay nou, nan peyi dAyiti n ap wè konsekans bagay sa yo rive sou nou. Nan yon premye tan, yo pa t rive mete gaz nan ponp yo an kantite, sa te fè li difisil pou moun te jwenn li, se te gwo briganday anba ponp yo pou moun te ka resi jwenn yon ti bagay. Nan yon lòt tan, Leta ta pral double pri pwodui sila yo paske li te monte sou mache entènasyonal

MONN NAN ANBA MENAS YON TWAZYÈM GÈ MONDYAL

Image
         Nan tout listwa , nou jwenn akò pou lapè ki siyen ant de oubyen plizyè lòt peyi pou pa fè lagè. Malerezman byen souvan,lapè ki vin apre siyati akò sa yo pa dire lontan. Rive yon moman, akò sa yo kòmanse pa respekte ankò, tout moun rekòmanse  fè sa yo vle. Tout moun ap defann enterè peyi pa yo: enterè ekonomik yo,jewopolitik yo ; bliye pwomès yo te fè yo.Yo vin pa kapab jwenn yon antant diplomatik pou rezoud konfli yo.Sitiyasyon sa konn lakoz tansyon, tansyon ki konn mennen nan lagè. Youn nan egzanp listwa kite pou nou se SDN ,feblès sosyete nasyon an ki te kreye nan lane 1919 pou fè peyi yo jwenn antant pou yo pa fè lagè, te kaba.Li pa t ka jwe wòl sa ankò, paske se yon santiman rebelyon ki t ap degaje lakay peyi yo avan dezyèm gè mondyal la te eklate. Jounen jodi a si n ap suiv, n ap kapab wè gen anpil tansyon ant plizyè peyi tou tankou: Etazini, laChin ak Taywann; Risi ak Ikrèn; Nò Kore, Sid Kore, Japon. Gen yon seri blòk k ap monte, yon seri alyans k ap fèt (Opep +, OTAN k

7 𝙿𝚠𝚘𝚋𝚕è𝚖 𝚙𝚘𝚞 𝚙𝚛𝚒 𝚖𝚒𝚕𝚎𝚗è 𝚊-IPOTÈZ RIEMANN nan

Image
7 𝙿𝚆𝙾𝙱𝙻𝙴𝙼 𝙿𝙾𝚄 𝙿𝚁𝙸 𝙼𝙸𝙻𝙴𝙽𝙴 𝙰 premye pati Ipotèz Riemann nan __________       8 out 1900 nan okazyon dezyèm kongrè entènasyonal matematisyen yo, David Hilbert yon matematisyen ki te gen renome pou pakèt dekouvèt li te fè nan divès branch matematik la pran lapawòl.  Pami moun ki la yo, plizyè nan yo se matematisyen ekspè ki deja fè teyorèm ki pote non yo oswa rezoud kèk pwoblèm matematik patikilye. David Hilbert mete anfas kominote matematik la yon lis 23 pwoblèm matematik difisil pou yo chèche rezoud avan fen 20yèm syèk la. Byenke anpil pwoblèm nan lis sa a te rive rezoud nan syèk pase a, gen de-twa-grenn ki jis kounye a rete yon defi pou meyè matematisyen yo. Se kon sa pou ankouraje chèchè yo plis toujou, yon enstiti matematik ki pote non "Clay Mathematics Institute" pran nan pwoblèm Hilbert te prezante yo ki pa ko rezoud yo ak lòt pwoblèm ankò pou fòme yon lis 7 pwoblèm ki pote non ' 7 pwoblèm pou pri milenè a '.  Men 7 pwoblèm yo jan Enstiti a te p

PASWA Eratostèn nan

Image
  🇵‌🇦‌🇸‌🇼‌🇦‌  𝐄𝐑𝐀𝐓𝐎𝐒𝐓È𝐍 𝐧𝐚𝐧  Yon ti mo:                     Eske avan jodi a nou te janm tande non Eratostèn nan? Si repons lan se non,gen anpil chans pou nou pa konnen sa ki "paswa" Eratostèn nan. Petèt menm, tit atik sa ki ka parèt dwòl fè nou gen plis anvi konnen sa atik sa a pral trete. Eratostèn se yon matematisyen astwonòm ki t ap viv IIIyèm av.J.K* .  Pou anpil syantifik modèn, Eratostèn se yon pyònye nan anpil domèn lasyans. Pakèt travay enpòtan li te rive reyalize nan matematik ak fizik  montre  nan ki pwen lespri gran save sa te san parèy ak jan li te ann avans sou epòk li a nan anpil domèn. An nou dekouvri ansanm youn nan travay ki pi popilè savan sa te kite ki pote non l lan "paswa Eratostèn nan" _________________________________________________________                    *av.J.K :avan Jezi Kris _________________________________________________________ Fich Byografik Non:  Eratostèn moun Sirèn  Ane li fèt: Ozv 276 av.J.K Ane li mouri: Ozv

Yon anvlòp estrawòdinè !

Image
 Yon anvlòp estrawòdinè ! Yon ti mo Ki sa ki te toujou la avèk nou? Ki te sibi enfliyans grandi n ap grandi a genyen sou kò nou an pandan tout ane sa yo?  Se li menm ki fè n santi nou frèt,nou cho.Se li nou plis manyen pase nenpòt kote nan kò nou. Si endis sa yo pa rive pèmèt ou wè sa nou pral trete nan atik sa a, jis kanpe devan yon glas,gade tèt ou, epi w ta sipoze konprann tousuit. Ou pa ko?  Pa gen dout nan sa, po nou se li nou plis manyen pandan tout vi nou. Nou fè sa n kapab pou nou pran swen l , pou nou cheri l. Yon bèl po, fè moun anvi gade nou,sa bay kè kontan epi sa ban nou asirans. Men anplis bèlte po nou ka fè nou jwenn, èske li la sèlman pou fè nou parèt bèl nan je lòt moun oswa l gen lòt bagay li fè? Se sou kèk nan lòt bagay sa yo, atik sa a pral pale. Si w panse po nou jis la pou pwoteje kò nou ebyen pran ti chèz ba w paske ou pral sezi tout sa po nou ka fè. Wi an nou fè yon ti pale sou anvlòp estrawòdinè sa a! ________________________________________________________ PO