Articles

Affichage des articles du 2020

Tristès pi grav pase lanmò ! Kòman pou w fè pou konbat li, lè w santi w tris ?

Image
Kredi Foto : Femme actuelle Tristès Tristès ! Yon mo ki reflete anpil bagay. Anpil fwa, depi yon moun tris li santi l dekontwole, moral li ba, sa ki konn koz li fè gwo enpak nan vi l. Gen moun ki konn eseye kache si yo tris, eseye goumen ak li. Konsa tou, konn gen seri de lòt moun ki lage de bwa pandye, kite tristès fin depouye yo de tout ti rès gout kontantman ki te rete lakay yo. Sa klè kou dlo kòk : pyès moun pa ta renmen tris, men malerezman tristès se yon konstant nou jwenn toupatou nan lavi moun sou latè. E ki konn koze anpil gwo pwoblèm deja.  Men èske w te konnen ke w ka sèvi ak tristès ou pou w fè plis siksè ? Ebyen ou menm k ap li atik sa a, ki ta renmen konnen kòman w ka fè pou konvèti tristès an reyisit, nan liy sa yo ki pral vini la, nou pral eseye devlope sijè sila a pandan nou pral fè yon rale sou : 1) Sa ki koze tristès 2) Efè tristès gen lakay li. Fizik Moral 1) Kisa ki lakoz tristès ? An jeneral yon moun santi l tris lè l poukont li, elwanye de moun, sa nou konn abity

Myam ! Myam !

Image
  Li dous, li gou, li gen bon sant, li fonn nan bouch epi li fè kè w kontan. Timoun kou granmoun  renmen l epi yo vann li prèske tout kote.  Kiyès ki pa renmen chokola ?  Se yon pwodui ki fè dlo koule nan bouch. Pa gen pi bèl plezi pase sa, pou w ap manje oswa bwè yon bon ti chokola. Kèlkeswa nasyonalite nou, li difisil pou nou jwenn moun ki pa renmen chokola. Li okipe yon plas espesyal sitou nan peryòd fèt Sen Valanten ak fèt nouvèlan yo. Lè nou bezwen montre afeksyon nou pou yon moun nou renmen, se toujou yon bon kado. Chak lanne, kantite moun ki ap konsome chokola pa sispann ogmante, sa ki reprezante apeprè 4 milyon tòn chak ane.  Poukisa gason kou fi renmen chokola konsa ? Ki orijin li ? An nou dekouvri ansanm yon ti istwa bonè sila a ! Aztèk yo ak kilti Kakawo a Depi lontan moun te pran plezi nan plant ki pwodui kakawo a. Daprè kèk espesyalis, plant ki pwodui kakawo a ta kòmanse pouse nan zòn sid kontinan ameriken an nan gwo forè Amazonn nan sa gen plizyè milye ane. Alèkile li dif

Yon Dezyèm Endepandans

Image
  Yon dezyèm endepandans Depi lanmò Anperè Latè DAyiti sanble modi ak lidè atoufè San sèvèl ki pa sispann kreye chimè Nan tout katye popilè Alèkile,yon avni pou yon sèkèy Se sa yo vann nou pou demen Gade dèyè pou devan Se sa ase nou regle depi plis pase desanzan Yon sosyete sanginè Ki manje jenn gason tankou se pay y ap boule Chimen simetyè tounen chimen lakay chak jou solèy leve Nou kontinye ap bourike Monte yon masuife ki pa sispann fè san koule N ap mache tankou yon bann zonbi Yon baboukèt nan dyòl nou Pandan lamizè ap fè dans seremoni nan vant nou Anpil san koule pou lapatri Tout se viktim yon sosyete kowonpi Nan pwen mati,tout se viktim yon sosyete malkadi Lajenès deklare sètase Yo twaze yon jenerasyon jenn konsènan Ki vle vanse pou pi devan Malgre obstak ak baryè yo mete N ap kontinye lite Chak frè ak sè ki tonbe Se yon grenn ki tonbe nan tè Ki pwodui fwi yon nouvèl Ayiti eklere Ann batay pou konesans libere n anba inyorans N ap kontinye batay Pou sila yo ki tonbe nan lit la Wi!

Yon ti moman mòtèl ak yon fo zanmi

Image
                                       Lektè nou yo, nou kontan prezante nou atik sa a ki lonje dwèt sou yon move abitid plis pase yon milya moun sou tè a genyen malgre yo konnen davans, pou anpil nan yo gwo danje mòtèl ki gen nan sa. Nòmalman, tout moun renmen fè zanmi. Se yon bagay ki natirèl lakay nou. Sepandan pifò moun ap dakò li pi enpòtan pou nou chèche gen bon zanmi pase pou nou ta gen yon pakèt fo zanmi. Anpil zanmi pa vle di "bon" zanmi pou sa. Pa egzanp, nan dat 25 desanm 2010 la, yon dam 42 lane nan peyi Grann Bretay te fè konnen sou yon rezo sosyal anpil moun itilize, li ta pral touye tèt li. Dam sa a te gen yon pakèt zanmi sou rezo sosyal la epoutan pa gen youn nan yo ki te rele l oswa ede l.Nan jou apre a , lapolis te jwenn li blayi atè lakay li san vi. Li te touye tèt li. Ala tris! Sa k te pase a fè n sonje jan li enpòtan pou n byen chwazi zanmi ak moun n ap frekante. Di nou sa w panse de zanmitay sa a? "Yo te fè w fè konesans ak li, lè w te nan jenès ou.

🇳 🇮 🇲 🇪 🇼 🇴   🇪 🇸 🇵 🇪 🇸 🇾 🇦 🇱  Motivasyon pou tout etidyan ak elèv lekòl pou relouvèti ane akademik 2019-2020 an

Image
                                  Pou lektè yo :                             Atik sila a se yon nimewo espesyal EDIKANET ekri pou tout jèn etidyan ak elèv lekòl nan peyi DAyiti ki ap gen pou tèmine sik etid yo pou ane akademik 2019-2020 an ann amoni ak dispozisyon Ministè Edikasyon Nasyonal ak Fòmasyon Pwofesyonèl (MENFP) la pran. Ane sa a te kòmanse ak anpil tansyon politik ki te paralize aktivite kèk lekòl pandan twa (3) premye mwa ane akademik la.Anpil elèv nan peyi a, sitou pou sa yo ki nan zòn Metwopolitèn nan, sètoblije chita lakay yo.Vin ajoute maladi Kowonaviris la ki te vin bloke aktivite lekòl yo plis toujou pandan anpil tan.Konsa se sèlman kèk grenn lekòl ki te arive pousuiv ak elèv yo grasa kou anliy ak videyo konferans jis yo rive wè tout pwogram pou ane a ak yo. Malerezman akoz lòt pwoblèm ki egziste nan peyi a, pifò elèv ak etidyan pa t gen posiblite sa yo. Atmosfè a pa t pwofitab ditou pou ansèyman nan peyi isit pandan kat (4) dènye mwa sa yo. Lefètke gen dispozisyon ki

NESESITE AK WÒL SIKOLÒG YO ANN AYITI

Image
  NESESITE AK WÒL SIKOLÒG YO ANN AYITI Ann Ayiti nosyon sikoloji a prèske yon tabou, majorite moun konn fe apwòch ant sikoloji avèk sikyatri, alòske disiplin yo pa menm. Sikoloji regle zafè konpòtman, etid syantifik lespri, san entèvansyon medikaman alòske sikyatri li se yon etid avanse nan medsin, ki etidye epi trete twoub mantal, an patikilye ka sikoz yo, kontrèman ak sikoloji, ou jwenn yo itilize medikaman. Majorite Ayisyen depi yo tande yon moun gen twoub mantal (ka sikoz), jan majorite moun abitye di l « moun fou », yo konn di fòk moun sa al wè yon sikològ. E depi yo tande yon moun al wè yon sikològ yo panse li fou poutèt sa.   Yon   bagay   ki   konplètman   absid,   yon   mantitotal   kapital. Pa   bliye,   sikoloji   a gen   plizyè   branch, e   yo   chak   trete   yon   pwoblèm   diferan.   Pami   yo   genyen   :   sikològ   klinisyen,   sikoterapet,seksològ,sikològ   travay,   sikopdagòg,   nerosikològ,   elatriye… WÒL SIKOLÒG YO Sikològ   yo   la   pou   ede   moun   ki   ge

Yon ijans sou tout kò tè a

Image
                    Pou lektè yo:  Move tan ak katastwòf natirèl se bagay nou tout konnen. Pafwa nan fenomèn natirèl sa yo, anpil kretyen vivan konn pèdi lavi yo. Yo reprezante yon danje sitou pou sila yo ki ap viv kote ki riske yo. Pandan dis (10) dènye ane sa yo, anpil peyi te sibi pou piti yon katastwòf natirèl ki te lakoz anpil pèt materyèl ak lanmò anpil moun sa ki se yon gwo kou pou anpil peyi ki deja pòv oswa ki pa gen gwo mwayen yo. Apa fenomèn sa yo nou rive idantifye byen fasil, gen youn ki la anba je nou epoutan se yon tikras moun ki pran konsyans jan li grav, pou kèk espesyalis, li se yon danje ki grav nan menm nivo ak menas gè nikleyè  a ; se sa nou rele : rechofman klimatik la • Nan atik sa a, nou ap fè yon ti pale sou koze klima a. • Nou ap trete kesyon rechofman planèt la ak rezon ki fè li se yon ijans sou tout kò tè a. • Pou fini, n ap wè ki responsablite nou chak genyen nan koze sa san wete anpil lòt pwen ki enteresan. !!Nou espere nou va p